08/20/2026
AVI ENPOTAN - TAKS & IMIGRASYON (19 out 2026)
Depatman Trezo a ak IRS pibliye yon pwopozisyon regleman ki klarifye kiyes ki kalifye pou pati RANBOUSAB nan kat kredi: Earned Income Tax Credit (EITC), Child Tax Credit, American Opportunity Tax Credit, ak kredi adopsyon.
Selon pwopozisyon an, pou resevwa pati ranbousab la, deklaran an dwe yon sitwayen ameriken, yon U.S. national, oswa yon qualified alien (green card, azile, refijye, elatriye jan PRWORA defini) nan dat li ranpli deklarasyon an. Sou yon deklarasyon ansanm, se selman yon konjwen ki dwe kalifye.
Enpotan: reg sa a se yon pwopozisyon. Li ap aplike selman apre yo pibliye l kom regleman final, epi gen yon peryod pou piblik la bay komante.
JRICKSS Financial la pou akonpaye w nan taks ak imigrasyon w. Verifye ka pa w avan w pran desizyon.
Sa se pa yon konsey legal oswa fiskal pesonel.
Sous: IRS IR-2026-93, 19 out 2026 (irs.gov)