10/25/2025
NOUVÈL CHO! – FÈ ATANSYON AK FO PWOPAGANN YO!
Mwen sezi wè jiskaprezan gen moun k ap rele m pou mande ki jan yo ka peye $1,000 pou fè antre kèk fanmi nan yon pwogram imigrasyon.
Mezanmi, sispann ak koze sa!
Ann reflechi yon ti moman:
Eske nou ka vrèman kwè, nan moman politik ak imigrasyon sa a, administrasyon aktyèl la ta lanse yon pwogram konsa pou “achte antre” pou fanmi?
Sa pa fè sans ditou.
Si, e sèlman si yon bagay konsa ta egziste, sa ta dwe yon mirak, e li tap pibliye klè sou sit USCIS oswa DHS.
Jouk jounen jodi a, pa gen okenn pwogram ofisyèl ki mande pèsonn peye $1,000 pou fè yon moun antre Ozetazini.
Atansyon ak moun kap pwofite sou move enfòmasyon!
Toujou verifye sous yo, li nòt ofisyèl yo, e si w gen dout — pale ak yon moun ki konprann sistèm nan.
Pa kite okenn moun fè w pèdi lajan oswa fè w antre nan pwoblèm ak imigrasyon.
Frantz Multi Services LLC
(302) 653-3681